2 Kings 19:35
Menm jou sa a, nan mitan lannwit, zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil (0185.000) sòlda. Nan maten, lè moun leve se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
36Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati, li tounen lavil Neniv.
Cross References
Exodus 9:16Men, mwen kite nou viv pou nou kapab wè pouvwa mwen, pou moun ka nonmen non m' sou tout latè.
Exodus 12:29Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri.
2 Kings 19:7Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fè yon moun touye l'.
1 Chronicles 21:16David voye je l', li wè zanj Seyè a kanpe nan lè a, san pye l' pa touche tè, bra l' lonje sou lavil Jerizalèm ak yon nepe nan men l'. Lè sa a, David ak chèf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tèt yo jouk atè.
2 Chronicles 32:21Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.
Psalms 76:5(076:6) Sòlda ki te gen anpil kouraj nan lagè pèdi tout zafè yo. Koulye a y'ap dòmi nèt, yo mouri. Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo.