2 Kings 19:37
Yon jou, antan wa a t'ap fè sèvis nan tanp Niswòk, bondye li a, de nan pitit gason l' yo touye l' ak nepe yo, epi yo kouri al kache nan peyi Arara. Yo te rele Adramelèk ak Sarezè. Se yon lòt nan pitit gason li yo ki te rele Asaradon ki moute wa nan plas li.
Bib La
In The King James Version
In Context
36Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati, li tounen lavil Neniv.
Cross References
Deuteronomy 32:31Lènmi yo konn byen pwòp bondye k'ap pwoteje yo a pa ka parèt devan Bondye pèp Izrayèl la.
2 Kings 18:5Ezekyas te mete tout konfyans li nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Peyi Jida a pa janm gen yon wa tankou l', ni anvan l' ni apre l'.
2 Kings 19:7Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fè yon moun touye l'.
2 Chronicles 32:14Pa gen yonn nan bondye lòt nasyon zansèt mwen yo te detwi yo ki te rive delivre yo anba men mwen. Poukisa atò nou vle kwè Bondye nou an ka delivre nou anba men m'?
2 Chronicles 32:21Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.
Isaiah 37:37Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati. Li tounen lavil Niniv.