2 Kings 2:1
Lè a te rive pou Seyè a te fè Eli moute nan syèl nan yon toubouyon. Eli ak Elize pati ansanm, yo kite lavil Gilgal.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 5:24Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (0365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.
Joshua 5:9Apre sa, Seyè a di Jozye konsa: -Jòdi a mwen wete wont yo te fè nou nan peyi Lejip la, mwen voye l' jete. Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Gilgal jouk jòdi a.
1 Kings 19:4Eli menm mache tout yon jounen nan dezè a. Lè li rete, l' al chita anba lonbray yon ti pye bayawonn. Li mande lanmò, li di: -M' pa kapab ankò, Seyè! Pito m' mouri kont fini. M' pa pi bon pase zansèt mwen yo.
1 Kings 19:16Apre sa, w'a ale lakay Jeou, pitit gason Nimchi a, w'a mete l' wa peyi Izrayèl nan non mwen. Lèfini, w'a pran Elize, pitit gason Chafat, moun lavil Abèl Meola a, w'a mete l' apa nan non mwen pou l' sèvi pwofèt nan plas ou.
2 Kings 4:38Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l' konsa: —Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo.
Luke 9:51Dat pou Jezi te moute nan syèl la t'ap pwoche. Lè sa a li pran desizyon l', li pran chemen Jerizalèm.