2 Kings 2:11
Yo t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syèl nan yon gwo toubouyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 5:24Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (0365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.
2 Kings 6:17Lèfini, Elize lapriyè Seyè a, li di: —Seyè, tanpri louvri je l' pou l' wè! Seyè a louvri je domestik la. Domestik la wè tout mòn lan te kouvri ak flanm dife an fòm kavalye ak cha lagè bò kote Elize.
Psalms 104:3Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale.
Ezekiel 1:4Mwen leve je m' gade, mwen wè yon gwo van tanpèt k'ap vini soti nan nò. Zèklè t'ap fè yanyan nan yon gwo nwaj. Syèl la te klere tout arebò nwaj la. Nan mitan nwaj la menm kote zèklè yo t'ap fèt la, te gen yon limyè ki te klere tankou kristal.
Habakkuk 3:8Eske se sou gwo rivyè yo ou move konsa, Seyè? Eske se sou lanmè a ou fache? Eske se sou lanmè a ou ankòlè konsa, kifè ou moute sou nwaj yo tankou sou chwal ou, tankou sou cha ou pou al delivre pèp ou a?
Zechariah 6:1Mwen fè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m' gade. Mwen wè kat cha lagè ki t'ap soti nan fant de mòn fèt an kwiv.