2 Kings 2:12
Lè Elize wè sa, li rele Eli, li di: —Papa mwen! papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, ou ale! Epi li pa wè Eli ankò. Yon sèl lapenn pran Elize, li chire rad ki te sou li a fè de moso.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 17:10Mika di l' konsa: -Vin rete lakay mwen non. W'a tou sèvi m' konseye ak prèt. M'a ba ou dis pyès lò chak lanne, san konte rad ak manje.
2 Kings 13:14Elize tonbe malad. Se maladi sa a ki te pou pote l' ale. Joas, wa peyi Izrayèl la, al wè l'. Wa a kriye, li lage kò l' sou figi Elize, li di konsa: —Papa mwen! Papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, w'ap mouri vre!
Job 22:30L'ap delivre ou si ou inonsan. L'a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen.
Proverbs 30:4Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè? Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l'? Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li? Ki moun ki fikse limit tè a? Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele? Di m' non, si ou konnen?
Ecclesiastes 9:16Mwen te toujou di: Konesans pi bon pase gwo kouraj, men yo meprize konesans moun ki pòv. Yo p'ap koute yo lè y'ap pale.
Isaiah 37:15Epi li vire bò Seyè a, li lapriyè, li di l':