The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 2 › 2 Kings 2:15

2 Kings 2:15

Lè pwofèt Jeriko yo ki te pi devan an wè sa, yo di: —Lespri Eli a sou Elize! Yo vin jwenn li, yo bese tèt yo jouk atè devan l'.

Bib La

In The King James Version

And when the sons of the prophets which were to view at Jericho saw him, they said, The spirit of Elijah doth rest on Elisha. And they came to meet him, and bowed themselves to the ground before him.

In Context

14Li frape dlo a ak rad ki te soti sou zepòl Eli a, epi li di byen fò: —Kote Seyè a, Bondye Eli a? Li frape dlo a yon dezyèm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bò. Elize janbe lòt bò larivyè a.

16Yo di li: —Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n' al chache mèt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l' al lage sou yon mòn osinon nan yon fon. Men, Elize di yo: —Non. Pa voye pesonn dèyè l'.

Read all of 2 Kings 2

Cross References

Numbers 11:25Seyè a desann nan yon nwaj, li pale ak Moyiz ankò. Apre sa, li pran ti gout nan lespri li te bay Moyiz la, li bay swasanndis chèf yo. Lè lespri a vin sou yo, yo tonbe pale tankou pwofèt yo sou tout kalite bagay. Apre sa, yo sispann.

Joshua 3:7Seyè a di Jozye konsa: -Sa mwen pral fè jòdi a pral fè tout pèp Izrayèl la respekte ou tankou yon grannèg. Yo pral konnen mwen kanpe la avè ou menm jan mwen te kanpe avèk Moyiz.

1 Samuel 10:5Apre sa, w'a moute sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lè w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofèt k'ap desann soti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesaj ki sot nan Bondye.

2 Kings 2:7Senkant nan pwofèt Jeriko yo t'ap mache dèyè yo. Eli ak Elize rete bò larivyè Jouden an. Senkant pwofèt yo menm rete yon ti distans lwen yo.

2 Kings 4:1Madanm yonn nan pwofèt yo al jwenn Elize, li di l' konsa: —Mari m' mouri. Ou konnen se yon nonm ki te gen krentif anpil pou Bondye. Koulye a, yon nonm mari m' te dwe lajan vini, li vle pran de pitit gason m' yo pou l' al vann yo tankou esklav pou l' ka antre lajan l' lan.

2 Kings 5:22Gerazi reponn li: —Se pa anyen non. Se mèt mwen ki voye m' di ou konsa gen de jenn pwofèt ki soti nan mòn Efrayim yo ki fèk rive lakay li, li ta renmen ou voye twasan (0300) pyès ajan ak de rad nèf pou l' ba yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 2:15

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 2:142 Kings 22 Kings 2:16 →