2 Kings 2:24
Elize vire, li gade ti gason yo, li ba yo madichon nan non Seyè a. Lamenm, de lous soti nan rakbwa a, yo dechire karannde nan ti gason yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Apre sa, Elize ale mòn Kamèl. Lèfini li tounen lavil Samari.
Cross References
Genesis 9:25Li di. Madichon pou Kanaran! Se pou l' tounen dènye klas esklav frè l' yo.
Leviticus 26:22M'a lage bèt nan bwa dèyè nou, y'a touye pitit nou yo, y'a fini ak tout zannimo nou yo. Anpil nan nou va mouri tou. p'ap gen pesonn ap mache sou chemen nan peyi a.
Judges 9:20Men, si se pa sa, se pou yon dife soti nan Abimelèk pou li boule dènye grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Bèt Milo. Se pou dife soti nan grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Kay-Ranble a pou l' devore Abimelèk!
2 Samuel 17:8Ou konnen jan papa ou ak moun pa li yo vanyan gason? Koulye a, yo move tankou yon manman lous ki pèdi pitit li. Papa ou se yon sòlda ki gen anpil esperyans nan fè lagè. Li p'ap janm rete pase lannwit menm kote ak moun li yo.
1 Kings 19:17Tout moun ki va chape anba men Azayèl va tonbe anba men Jeou. Tout moun ki va chape anba men Jeou va tonbe anba men Elize.
2 Kings 1:10Eli reponn: —Si m' se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife soti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l' kankannen nou! Lamenm, yon dife soti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo.