2 Kings 2:5
Yon gwoup pwofèt ki te rete lavil Jeriko vin kontre Elize, yo di l' konsa: —Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn: —Mwen konn sa wi! Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 1:1Apre Moyiz, sèvitè Seyè a, mouri, Seyè a pale ak Jozye, pitit gason Noun lan, ki te aladwat Moyiz nan tou sa li t'ap fè. Li di l' konsa:
1 Kings 20:35Nan menm epòk sa a, Seyè a pale ak yon pwofèt nan gwoup pwofèt li yo. Li ba li lòd pou li mande yon lòt pwofèt ba l' kou. Men lòt pwofèt la derefize.
2 Kings 4:1Madanm yonn nan pwofèt yo al jwenn Elize, li di l' konsa: —Mari m' mouri. Ou konnen se yon nonm ki te gen krentif anpil pou Bondye. Koulye a, yon nonm mari m' te dwe lajan vini, li vle pran de pitit gason m' yo pou l' al vann yo tankou esklav pou l' ka antre lajan l' lan.
2 Kings 6:1Yon jou, pwofèt yo di Elize konsa: —Gade, kote n'ap viv avè ou la vin twò piti pou nou.
Ecclesiastes 3:7lè pou ou dechire, lè pou ou koud, lè pou ou rete san pale, lè pou ou pale.
Amos 7:14Amòs reponn Amatsya: -Monchè, pwofèt pa metye m'. Nitou, mwen pa fè pati sosyete moun k'ap fè metye pwofèt. Metye m' se gade bèt, se okipe pye sikomò.