2 Kings 2:6
Apre sa, Eli di Elize: —Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al bò larivyè Jouden. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:8Abraram reponn: -Pitit mwen, se sou kont Bondye sa ye. Yo toude t'ap kontinye mache ansanm.
Ruth 1:16Men, Rit reponn: -Pa fòse m' kite ou! Tanpri, kite m' ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m'a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m'. Bondye w'ap sèvi a, se li m'a sèvi tou.
2 Kings 2:2Eli di Elize konsa: —Ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al Betèl. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betèl.