2 Kings 20:17
Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Ezayi di wa Ezekyas konsa: —Koute mesaj Seyè ki gen pouvwa a voye ba ou:
Cross References
2 Kings 24:13Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a ak nan palè wa a. Li kraze tout bèl bagay an lò Salomon, wa pèp Izrayèl la, te fè pou sèvi nan Tanp Seyè a, jan Seyè a te fè konn sa depi lontan an.
2 Chronicles 36:10Nan sezon prentan ki vin apre sa, wa Nebikadneza fè Jojakin prizonye, li mennen l' lavil Babilòn. Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a pote ale. Apre sa, Nebikadneza pran Sedesyas, frè papa Jojakin, li mete l' wa lavil Jerizalèm nan peyi Jida.
Jeremiah 20:5M'ap fè lènmi yo piye tout richès ki nan lavil la, tou sa moun yo travay fè, tout bèl bagay koute chè yo sere, ata trezò wa Jida yo. M'ap lage tou sa nan men lènmi yo. Yo pral piye yo, y'ap pran tou sa yo genyen pote ale lavil Babilòn.
Jeremiah 52:17Moun Babilòn yo pran gwo poto kwiv yo ki te nan tanp Seyè a, ansanm ak sipò yo, gwo basen kwiv yo, yo kraze yo fè ti moso, yo pote kwiv la ale lavil Babilòn.