2 Kings 20:19
Ezekyas reponn Ezayi, li di l' konsa: —Mesaj Bondye ba ou pou di m' lan gen tan bon. Men li t'ap di nan kè l': Depi pa gen boulvès, depi pa gen lagè nan peyi a tout tan m'ap viv la!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 10:3Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.
1 Kings 2:38Chimeyi reponn: -Dakò, monwa. m'a fè sa ou di a. Se konsa Chimeyi rete lontan lavil Jerizalèm.
2 Kings 22:20Ou menm, w'ap mouri ak kè poze nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gen tan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm lan. Mesye yo tounen pote mesaj la bay wa Jozyas.
Job 1:21Epi li di: -San anyen m' soti nan vant manman m'. San anyen m'ap tounen anba tè. Seyè a bay! Seyè a pran! Lwanj pou Seyè a!
Jeremiah 33:6Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M'ap geri yo. M'ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san ankenn danje.
Lamentations 3:39Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè!