2 Kings 20:9
Ezayi reponn li: —Men siy Seyè a pral fè ou wè pou ou ka konnen l'ap kenbe pawòl li. Gade kadran solèy la. Eske ou ta vle pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak, osinon pou l' fè bak sou dis ti mak?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 10:12Jou Seyè a te lage moun Amori yo nan men moun pèp Izrayèl yo, Jozye pale ak Seyè a devan tout pèp la, li di: -Solèy! Rete klere sou lavil Gabawon! Lalin! Rete klere sou Pon Ayalon!
2 Kings 19:29Apre sa, Izayi di wa Ezekyas konsa: —Men sa ki pral sèvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rès grenn ki te tonbe atè. Lanne k'ap vin apre sa a, n'a manje grenn nou pa t' plante. Men, apre sa ankò, n'a ka plante, n'a ka fè rekòt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen.
Matthew 16:1Farizyen yo ak sadiseyen yo pwoche bò kot Jezi. Yo te vle pran l' nan pèlen. Yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' tout pouvwa sa a.
Luke 11:29Anpil moun t'ap vin an kantite bò kot Jezi. Li pran di yo: Ala move moun se moun alèkile yo! Y'ap mande yon mirak ki pou fè yo wè Bondye dakò ak sa k'ap fèt la. Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la.