2 Kings 21:24
Moun pèp Jida yo touye mesye ki te fè konplo pou touye Amon yo, yo mete Jozyas, pitit gason l' lan, wa nan plas li.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Chèf ki t'ap sèvi avèk Amon yo fè konplo, yo touye l' anndan palè a.
25Tout rès istwa Amon an, tou sa li te fè, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
Cross References
2 Samuel 5:3Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l' devan Seyè a. Yo fè seremoni, yo mete l' wa sou pèp Izrayèl la tou.
1 Kings 12:20Lè moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen soti peyi Lejip, yo voye chache l' pou l' vin nan yon reyinyon. Yo fè msye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la.
2 Kings 14:5Lè Amasya santi li byen chita sou pouvwa a, li fè touye tout chèf nan lame a ki te touye papa l'.
2 Kings 22:1Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan. Manman l' te rele Jedida. Se te pitit fi Adaja, moun lavil Bozka.
2 Chronicles 26:1Tout pèp peyi Jida a pran Ozyas, pitit gason Amasya a, yo fè l' wa nan plas papa l'. Ozyas te gen sèzan lè sa a.