2 Kings 22:19
Sa fè kè ou fè ou mal, ou soumèt ou devan mwen, lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Se bagay ki pral fè moun mete men nan bouch. Y'ap sèvi ak non yo pou bay madichon. Wi, lè ou tande sa ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa, mwen menm tou, mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:31M'a fè lavil nou yo tounen mazi. M'ap detwi tout kote nou fè sèvis yo. M'ap derefize pran bon sant ofrann nou yo.
Numbers 25:6Lè sa a, antan tout moun yo t'ap kriye sou devan pòt Tant Randevou a, yonn nan gason pèp Izrayèl la ale, li mennen yon fanm peyi Madyan lakay li, devan Moyiz ak tout moun pèp Izrayèl la.
Judges 2:4Lè zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye.
1 Samuel 24:5Men apre sa, konsyans David repwoche l' pou ke rad Sayil li te koupe a.
2 Kings 19:20Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesaj sa a bay Ezekyas: —Ou te lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou.
2 Kings 22:11Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan liv la, li chire rad sou li a sitèlman li te sezi.