2 Kings 22:9
Lèfini, li tounen al jwenn wa a, li fè rapò li. Li di l' konsa: —Moun ou yo pran tout lajan ki te nan Tanp lan, yo renmèt li bay moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Lèfini, li di wa a: —Ilkija, prèt la, te ban m' yon liv tou. Chafan li liv la pou wa a.
Cross References
2 Kings 18:18Yo voye chache wa a. Men se twa otorite ki soti vin jwenn yo. Se te Elyakim, pitit Ilkija a, ki te chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a, ak Joak, pitit Asaf la, ki te reskonsab achiv leta a.
2 Kings 22:12Li fè chache Ilkija, prèt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbò, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè palè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a:
Jeremiah 26:24Men, Akikam, pitit Chafan an, t'ap pwoteje Jeremi. Se konsa li pa t' kite yo lage Jeremi nan men pèp la pou yo te touye l'.
Jeremiah 36:10Lè sa a, Bawouk pran liv mesaj Jeremi yo, li li l' nan tanp lan pou tout moun ka tande. Li te kanpe devan pyès chanm Gemarya, pitit gason Chafan an, ki te sekretè tanp lan. Chanm lan te bay sou gwo lakou anwo a, toupre kote yo pase pou antre nan Pòtay Nèf Tanp Seyè a.
Jeremiah 40:11Konsa tou, tout jwif ki te nan peyi Moab, nan peyi Amon, nan peyi Edon ak nan tout lòt peyi vin konnen wa Babilòn lan te penmèt kèk jwif rete nan peyi Jida, li te mete Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, chèf sou yo tout.
Ezekiel 8:11Swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo te kanpe la devan zidòl yo. Yonn ladan yo te Jazanya, pitit Chafan an. Yo chak te kenbe yon lansanswa nan men yo. Gwo lafimen lansan t'ap moute.