2 Kings 23:11
Li wete chwal wa Jida yo te mete apa pou sèvis bondye Solèy la. Li boule cha ki te konn sèvi nan sèvis pou solèy la. Se nan yon pyès nan lakou tanp lan yo te ye, toupre pòtay la, bò kay kote Netanmelèk, nèg konfyans wa a, te rete.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:19Konsa tou, lè nou leve je nou nan syèl la, nou wè solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lòt bagay ki anwo nan syèl la. Pa kite yo vire tèt nou pou nou fè sèvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sèvis tout moun ki sou latè.
1 Chronicles 26:18Pou pòsyon kay ki bay sou solèy kouche a, te gen kat gad pou wout la ak de gad pou pòsyon kay la menm.
2 Chronicles 34:4Li fè yo demoli devan je li tout lotèl kote yo te fè sèvis pou Baal yo. Li fè yo kraze tout recho kote yo te boule lansan sou lotèl yo. Li fè yo kraze an miyèt moso pòtre Achera ak pòtre tout lòt zidòl ak estati an bwonz yo. Apre sa, yo fè yo tounen poud, yo simen poud la sou tonm moun ki te konn fè sèvis pou yo.