The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 23 › 2 Kings 23:14

2 Kings 23:14

Wa Jozyas kraze Poto Wòch yo, li koupe estati Achera, zidòl fanm lan. Li kouvri tout kote yo te ye a ak zosman moun.

Bib La

In The King James Version

And he brake in pieces the images, and cut down the groves, and filled their places with the bones of men.

In Context

13Jozyas gate tout lotèl wa Salomon te fè bati sou bò solèy leve lavil Jerizalèm, sou bò sid Mòn Pye Oliv yo, pou fè sèvis pou Astate, vye zidòl peyi Sidon an, pou Kemòch, vye zidòl peyi Moab la, ak Milkòm, vye zidòl peyi Amon an.

15Jozyas demoli lotèl ak tanp zidòl wa Jewoboram, pitit Nebat la, te bati lavil Betèl la tou. Se Jewoboram sa a ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal. Li kraze lotèl la, li fè wòch yo tounen poud. Li boule estati Achera a.

Read all of 2 Kings 23

Cross References

Exodus 23:24Piga nou mete ajenou devan bondye lòt nasyon yo. Piga nou janm sèvi yo. Pa fè menm jan ak moun lòt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nèt, se pou nou kraze tout moniman yo fè pou yo.

Numbers 19:18Nan premye ka a, yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye va pran yon branch izòp, l'a plonje l' nan dlo a, epi l'a voye dlo sou kay la, sou tout bagay ki ladan l' ak sou tout moun ki te la nan kay la. Nan dezyèm ka a, l'a voye dlo a sou moun lan, kit li te manyen zosman moun mouri osinon kadav moun yo te ansasinen, osinon kadav moun ki te mouri mò natirèl, kit li te manyen yon tonm moun mouri.

Deuteronomy 7:5Men sa pou n' fè yo: Demoli tout lòtèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo.

2 Kings 18:4Se li menm ki te kraze tout tanp zidòl yo. Li kraze tout wòch yo te mete kanpe pou zidòl yo, li koupe estati Achera yo. Li kraze an miyèt moso estati sèpan an kwiv Moyiz te fè a, paske jouk lè sa a toujou pèp Izrayèl la t'ap boule lansan pou li. Yo te rele l' Newouchtan.

2 Chronicles 34:3Jozyas t'ap mache sou witan depi li te wa lè li konmanse chache konnen volonte Bondye David, zansèt li a. Lè sa a li te yon jenn gason toujou. Li t'ap mache sou douzan depi li te wa lè li konmanse fè detwi tout tanp zidòl, tout pòtre Achera, tout lòt estati an bwa ak an bwonz nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm.

Jeremiah 8:1Men sa Seyè a di ankò: -Lè sa a, yo pral detere zosman wa Jida yo, zosman chèf li yo, zosman prèt yo, zosman pwofèt yo, zosman tout moun ki te rete lavil Jerizalèm yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 23:14

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 23:132 Kings 232 Kings 23:15 →