2 Kings 23:2
Apre sa, wa a moute nan Tanp Seyè a ansanm avèk prèt yo, pwofèt yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete lavil Jerizalèm yo ak tout rès pèp la, grannèg kou tinèg. Wa a kanpe devan yo tout, li li byen fò tou sa ki te nan Liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 31:10Moyiz ba yo lòd sa a: -Chak sètan, lè lanne pou yo renmèt dèt yo va rive, pandan y'ap fete fèt Joupa yo.
Deuteronomy 31:26-Pran liv lalwa a, mete l' sou kote Bwat Kontra Seyè a, Bondye nou an. L'a rete la, l'a sèvi temwen kont nou.
1 Samuel 30:2Lèfini, yo te pran tout fanm yo ak tout rès moun ki te la yo, timoun kou granmoun, yo te pati ak yo. Yo pa t' touye pesonn, men yo te pran tout moun, yo pati ak yo al fè wout yo.
2 Kings 22:8Lè Chafan, sekretè a, fin bay Ilkija lòd wa a, Ilkija di l' konsa: —Mwen jwenn liv lalwa a nan Tanp Seyè a. Ilkija bay Chafan liv la. Chafan li l'.
2 Chronicles 17:9Avèk liv lalwa Seyè a nan men yo, yo mache nan tout peyi a, yo ale nan tout lavil yo pou moutre pèp la sa pou li fè.
Nehemiah 8:8Yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a, yo t'ap tradwi l' pou yo, yo t'ap esplike l' ba yo, pou yo te ka konprann sa yo t'ap li pou yo a.