2 Kings 23:24
Jozyas fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l' te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 31:19Lè sa a, Laban t al taye lenn mouton l' yo. Pandan li pa t' la, Rachèl vòlè ti zidòl kay papa l' yo.
Leviticus 20:27Depi yon nonm osinon yon fanm gen lespri yon mò sou li, osinon yon lòt lespri k'ap fè l' fè divinò, se pou yo touye yo. Y'a touye yo ak kout wòch. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.
Deuteronomy 18:12Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay sa yo. Epitou, se paske moun lòt nasyon yo t'ap fè tout vye bagay sa yo kifè Seyè a, Bondye nou an, te mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.
Judges 18:17Senk mesye yo te voye al vizite peyi a antre nan kay la, yo pran estati a, zidòl wogatwa yo ak estati an bwa ki kouvri ak ajan an. Prèt la menm te rete bò pòt devan an ak sisan sòlda ame yo.
2 Kings 21:3Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze. Li bati lotèl pou Baal, li fè fè yon estati Achera, tankou sa Akab, wa peyi Izrayèl la, te fè fè a. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.
2 Kings 21:11—Wa Manase te fè tout bagay degoutan sa yo. Li te fè pi mal pase moun Amori yo ki te la nan peyi a anvan yo. Avèk tout vye zidòl li yo, li fè pèp Jida a tonbe nan fè sa ki mal.