2 Kings 23:29
Se sou reny Jozyas, farawon Neko, wa peyi Lejip, te moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l' al bay wa peyi Lasiri a yon koutmen. Wa Jozyas soti al kontre l' pou anpeche li pase. Rive bò lavil Megido, wa Neko wè l', li touye l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Tout rès istwa Jozyas la ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa Jida yo.
Cross References
Joshua 17:11Nan mitan pòsyon tè ki te vin pou moun Isaka yo ak moun Asè yo, yo te bay moun Manase yo lavil Bèt-Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, moun ki rete lavil Ibleyam, lavil Dò ki bò lanmè a, lavil Andò, lavil Tanak, lavil Megido ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.
Judges 5:19Wa yo vini, yo kwaze fè bò Tanak, toupre sous dlo Megido a. Wa peyi Kanaran yo goumen, men yo pa jwenn anyen pou yo pote ale! Pa menm yon ti moso ajan!
2 Kings 9:27Lè Okozyas, wa peyi Jida a, wè sa ki te rive, li kouri nan cha lagè li a nan direksyon lavil Betagan. Men, Jeou pati dèyè l'. Li di: —Touye l' tou. Yo blese l' sou cha a nan ti moute ki mennen lavil Gour, toupre lavil Jibleyam. Men, Okozyas kenbe jouk li rive lavil Megido. Se la li mouri.
2 Kings 14:11Men, Amasya derefize koute l'. Se konsa, Joas soti ak lame li pou l' al goumen ak Amasya bò lavil Betchemèch nan peyi Jida.
2 Kings 23:33Farawon Neko fèmen l' nan prizon lavil Ribla nan zòn Amat, pou li pa gouvènen nan lavil Jerizalèm anko. Lè sa a tou, farawon an fè peyi Jida soumèt devan l'. Li fòse peyi a ba li sètmil senksan (07.500) liv ajan ak swasannkenz liv lò.
2 Chronicles 35:20Apre sa, lè wa Jozyas te fin fè tout reparasyon ki pou te fèt nan Tanp lan, Neko, wa peyi Lejip la, moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l' al goumen bò lavil Kakemich. Jozyas soti al kontre l' pou anpeche l' pase.