2 Kings 23:30
Ofisye lame wa Jozyas yo pran kadav la, yo mete l' sou yon cha soti Megido, yo mennen l' lavil Jerizalèm kote yo antere l' nan kavo li. Apre sa, pèp la pran Joakaz, pitit Jozyas, yo mete l' apa devan Bondye pou l' sèvi wa nan plas papa l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 22:33Lè mesye yo tande sa, yo wè se pa t' wa peyi Izrayèl la. Yo rete sou sa yo te vle fè a.
2 Kings 14:21Tout pèp peyi Jida a pran Azarya, pitit gason Amasya a, yo fè l' wa nan plas papa l'. Azarya te gen sèzan lè sa a.
2 Chronicles 35:24Moun li yo wete l' nan cha lagè li a, yo mete l' nan yon lòt cha li te gen la, epi yo mennen l' lavil Jerizalèm. Se la li mouri. Yo antere l' nan kavo zansèt li yo. Tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm te pran gwo lapenn pou Jozyas.
Jeremiah 22:10Nou menm moun Jida, nou pa bezwen kriye pou wa Jozyas ki mouri a. Nou pa bezwen pran lapenn pou li. Kriye pito pou Chaloum, sa yo depòte a. Li menm, li p'ap janm tounen lakay li, li p'ap janm wè peyi kote l' te fèt la ankò.