2 Kings 23:33
Farawon Neko fèmen l' nan prizon lavil Ribla nan zòn Amat, pou li pa gouvènen nan lavil Jerizalèm anko. Lè sa a tou, farawon an fè peyi Jida soumèt devan l'. Li fòse peyi a ba li sètmil senksan (07.500) liv ajan ak swasannkenz liv lò.
Bib La
In The King James Version
In Context
32Men li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou zansèt li yo.
Cross References
Exodus 21:22Lè gason ap goumen, si nan voye kou yo frape yon fanm ansent, epi si fanm lan fè foskouch san anyen ankò pa rive l', moun ki ba l' kou a va peye dedomajman dapre sa mari a va mande. L'a peye sa jij yo va deside.
Numbers 34:11L'a desann soti Chefam nan direksyon Ribla, sou kote Ayen bò solèy leve. L'a desann pi ba toujou jouk l'a rive sou rivaj lanmè Galile a, sou bò solèy leve.
2 Kings 18:14Lè sa a, Ezekyas, wa peyi Jida, voye yon mesaj bay Senakerib ki te lavil Lakis. Li di l' konsa: —Sa m' fè a mal. Tanpri, pa atake m' ankò. Nenpòt kisa w'a egzije m' bay, m'ap ba ou li. Wa peyi Lasiri a egzije pou Ezekyas, wa peyi Jida a, ba li dis tòn ajan ak yon tòn lò.
2 Kings 25:6Sòlda lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan ki te lavil Ribla. Se la Nèbikadneza jije li.
Proverbs 19:19Moun ki gen san wo ap peye konsekans zak li yo. Si ou wete l' nan move pa a yon fwa, w'ap blije fè l' pou li tout tan.
Jeremiah 52:9Lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla nan peyi Amat la. Se la Nèbikadneza jije li.