2 Kings 23:4
Apre sa, Jozyas rele Ilkija, granprèt la, prèt ki te avè l' yo ak sòlda ki te desèvis nan pòt Tanp lan, li ba yo lòd al pran nan Tanp lan tout bagay yo te fè pou Baal, pou Achera ak pou zetwal yo, pote yo deyò. Wa a boule tout bagay sa yo andeyò lavil la, bò fon Sedwon an. Lèfini, li fè pote tout sann yo lavil Betèl.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 2:13Yo vire do bay Seyè a, y' al fè sèvis pou Baal yo ak Astate yo.
1 Kings 12:29Li mete yonn nan estati towo yo lavil Betèl, li mete lòt la lavil Dann.
1 Kings 16:31Non sèlman li te fè tankou Jewoboram, pitit Nebat la, men l' ale pi lwen toujou. Li marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon. Li pran sèvi Baal, l' al met ajenou devan li.
1 Kings 18:26Pwofèt Baal yo pran towo yo ba yo a, yo pare l'. Lèfini, yo pran rele Baal depi nan maten rive vè midi. Yo t'ap di: -Baal o! Reponn nou non! Yo t'ap danse fè wonn lotèl yo te moute a. Pa yon vwa, pa yon repons.
1 Kings 19:18Men m'ap kite sètmil (07.000) moun vivan nan peyi Izrayèl la. Se moun ki pa t' mete ajenou devan Baal pou sèvi li, ni ki pa t' bo estati li yo.
2 Kings 12:10Chak fwa yo wè te gen bonkou lajan nan bwat la, sekretè wa a ansanm ak granprèt la vini, yo kontwole lajan an, yo mete l' nan sak.