2 Kings 23:5
Li revoke tout prèt ansyen wa peyi Jida yo te nonmen pou fè sèvis sou lotèl zidòl yo nan lavil peyi Jida yo ak nan zòn Jerizalèm, tout prèt ki t'ap fè sèvis pou Baal, pou solèy, pou lalin, pou douz gwoup zetwal yo ak pou tout lòt zetwal yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 38:32Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran?
Jeremiah 44:17N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l' jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l' nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n' manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pa t' gen pwoblèm.
Zephaniah 1:4Mwen pral kraze moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo anba men m'. Mwen pral disparèt dènye kras zidòl Baal nan peyi a. Pesonn p'ap janm chonje prèt k'ap sèvi l' yo ankò.