2 Kings 24:1
Pandan reny Jojakim lan, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 24:20Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo jouk jou li wete yo devan je l'. Men, rive yon lè Sedesyas derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan.
2 Chronicles 36:6Nebikadneza, wa Babilòn, anvayi peyi Jida, li fè wa Jojakim prizonye, li mete l' anba chenn doub, li mennen l' lavil Babilòn.
Isaiah 36:5Ou konprann ou ka fè lagè ak bèl pawòl ase san ou pa bezwen entèlijans ak bon sòlda? Sou ki moun ou apiye kò ou pou ou kenbe tèt ak mwen konsa?
Jeremiah 25:9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.
Ezekiel 19:8Moun lòt nasyon yo leve dèyè l'. Moun soti toupatou nan pwovens bò kote l' yo, yo vin voye yon privye sou li. Yo pran l' nan pèlen twou yo te pare pou li a.
Habakkuk 1:6M'ap fè moun peyi Kalde yo kanpe. Se yon pèp ki san pitye, ki san manman. Y'ap mache toupatou sou latè, y'ap pran peyi lòt pèp nan men yo.