2 Kings 24:12
Lè sa a, Jojakin, wa peyi Jida a, al rann tèt li bay wa Babilòn lan ansanm ak manman l', pitit gason l' yo, chèf lame l' yo ak chèf palè li yo. Wa a fè yo tout prizonye. Lè sa a, Nèbikadneza t'ap mache sou witan depi li te wa.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Pandan lame a te sènen lavil la, Nèbikadneza vin atake lavil la li menm menm.
Cross References
2 Kings 25:8Sou setyèm jou senkyèm mwa nan diznevyèm lanne reny Nèbikadneza, wa Babilòn lan, Neboucharadan, chèf lagad la, yonn nan konseye li yo, antre lavil Jerizalèm.
2 Chronicles 36:10Nan sezon prentan ki vin apre sa, wa Nebikadneza fè Jojakin prizonye, li mennen l' lavil Babilòn. Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a pote ale. Apre sa, Nebikadneza pran Sedesyas, frè papa Jojakin, li mete l' wa lavil Jerizalèm nan peyi Jida.
Esther 2:6Lè Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te pran Jekonya, wa peyi Jida a, ansanm ak lòt prizonye yo nan lavil Jerizalèm pou l' te depòte yo, Madoche te ladan l' tou.
Jeremiah 22:24Men sa Seyè a voye di Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a: -Mwen fè sèman sou vi mwen, menm si ou te bag letanp ki nan men dwat mwen an, m'ap rache ou nan dwèt mwen.
Jeremiah 25:1Seyè a te bay Jeremi yon mesaj sou pèp peyi Jida a, nan katriyèm lanne rèy wa Jojakim, pitit Jozyas, nan peyi Jida. Lè sa a, Nèbikadneza te nan premye lanne li depi li te wa peyi Babilòn.
Jeremiah 29:2Se te apre yo te fin pran wa Jekonya, manman li, gwo zotobre nan palè a, chèf peyi Jida ak chèf lavil Jerizalèm yo, atizan yo, bòs fòjon yo pou depòte yo.