2 Kings 24:14
Nèbikadneza depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil (010.000) moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 24:16Wa peyi Babilòn lan te depòte antou sètmil (07.000) prizonye nan peyi Babilòn, ansanm ak mil atizan ak bòs fòjon san konte vanyan gason ki te ka fè lagè.
1 Chronicles 9:1Se konsa yo te make non tout moun pep Izrayèl yo dapre fanmi yo nan liv wa Izrayèl yo. Yo te depòte moun peyi Jida yo lavil Babilòn paske yo pa t' fè volonte Bondye.
Nehemiah 1:2Anani, yonn nan frè m' yo, rive soti nan peyi Jida ansanm ak kèk lòt moun. Mwen mande yo nouvèl jwif yo, ti ponyen moun pèp Izrayèl ki te soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki tounen nan peyi yo a, ansanm ak nouvèl lavil Jerizalèm.
Jeremiah 28:4M'ap fè Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo tounen isit. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Wi, mwen pral kraze pouvwa wa Babilòn ki t'ap peze nou an.
Jeremiah 39:10Men, li kite tout moun ki pòv yo, tout moun ki pa gen anyen yo rete nan peyi Jida a. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo travay.
Jeremiah 52:16Men, li kite kèk moun nan mas pèp la ki pa t' gen anyen. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo okipe.