2 Kings 24:2
Lè sa a, Seyè a voye ansasen soti nan peyi Babilòn, nan peyi Siri, nan peyi Moab ak nan peyi Amon vin dèyè Jojakim. Li lage yo nan peyi Jida a pou yo fini avè l' dapre sa Seyè a te di nan bouch pwofèt yo, sèvitè l' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 6:23Se konsa, wa a fè yon gwo resepsyon pou yo. Yo manje, yo bwè. Lèfini, wa a voye yo ale jwenn mèt yo. Depi lè sa a, sòlda peyi Siri yo sispann anvayi peyi Izrayèl la.
2 Kings 20:17Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.
2 Kings 22:16Men mesaj Seyè a voye ba li. Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo jan sa ekri nan liv wa Jida a te li a.
2 Chronicles 33:11Lè sa a, Seyè a voye chèf lame wa peyi Lasiri a vin atake yo. Yo mete men sou Manase, yo pase kwòk nan machwè li, yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv, yo mennen l' lavil Babilòn.
Isaiah 6:11Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.
Isaiah 13:5Seyè a move, l'ap vini ansanm ak sòlda ki pral fè sa li ba yo lòd fè a. Y'ap soti byen lwen nan lòt peyi ki nan dènye bout latè pou yo vin ravaje tout peyi a.