2 Kings 24:20
Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo jouk jou li wete yo devan je l'. Men, rive yon lè Sedesyas derefize soumèt devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Wa Sedesyas te fè sa ki mal devan Bondye menm jan ak Jojakin.
Cross References
Exodus 9:14Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m' sou tout latè.
Deuteronomy 29:27Se konsa Seyè a vin fache anpil sou moun peyi sa a. Li sitèlman fache, li fè tout madichon ki ekri nan liv lalwa a tonbe sou yo.
2 Kings 24:1Pandan reny Jojakim lan, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l'.
2 Chronicles 36:13Sedesyas leve kont wa Nebikadneza ki te fè l' sèmante devan Bondye li t'ap toujou soumèt devan li. Li fè tèt di, li derefize chanje lavi li t'ap mennen an pase pou l' ta tounen vin jwenn Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Jeremiah 27:12Mwen pale ak Sedesyas, wa Jida a, mwen di l' menm bagay la tou: -Ou menm ansanm ak pèp la, se pou nou bese tèt devan otorite wa Babilòn lan. Se pou nou sèvi ni li ni pèp li a, konsa n'a viv.
Ezekiel 17:12-Pale ak bann moun tèt di sa yo. Mande yo si yo konprann sans parabòl la. Di yo konsa: Wa lavil Babilòn lan te vini lavil Jerizalèm, li pran wa a ansanm ak tout chèf li yo, li mennen yo ansanm avè l' lavil Babilòn.