The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 24 › 2 Kings 24:3

2 Kings 24:3

Sa te rive peyi Jida a paske Seyè a te vle wete pèp peyi Jida a devan je l' poutèt peche wa Manase te fè yo,

Bib La

In The King James Version

Surely at the commandment of the LORD came this upon Judah, to remove them out of his sight, for the sins of Manasseh, according to all that he did;

In Context

2Lè sa a, Seyè a voye ansasen soti nan peyi Babilòn, nan peyi Siri, nan peyi Moab ak nan peyi Amon vin dèyè Jojakim. Li lage yo nan peyi Jida a pou yo fini avè l' dapre sa Seyè a te di nan bouch pwofèt yo, sèvitè l' yo.

4ak pou kantite moun inonsan li te touye jouk tout lari Jerizalèm te plen san. Seyè a pa t' vle padonnen ankò.

Read all of 2 Kings 24

Cross References

Genesis 50:20Nou te moute konplo pou fè m' mal. Men Bondye fè sa tounen yon byen, pou l' te fè sak rive jòdi a rive, pou l' te ka sove lavi tout kantite moun sa yo.

Leviticus 26:33M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pesonn rete ladan yo.

Deuteronomy 28:63Menm jan Seyè a, Bondye nou an, te pran plezi pou l' te fè nou byen, pou l' te fè nou vin anpil la, se konsa tou l'a pran plezi pou l' fè nou pèdi tout bagay, pou l' fini nèt ak nou. L'a rache nou met deyò nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a.

Joshua 23:15Wi, menm jan Seyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l'a voye sou nou tout kalite malè, jouk l'a disparèt nou nèt nan bon peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.

2 Kings 17:20Se poutèt sa Seyè a vire do bay dènye moun nan ras Izrayèl la. Li fè yo wont, li lage yo nan men yon bann piyajè, jouk li wete yo devan je l'.

2 Kings 18:25Epitou, pa konprann se san konsantman Seyè a mwen vin atake peyi a pou m' detwi l'. Se Seyè a menm ki di m' atake peyi ou la pou m' detwi l'.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 24:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 24:22 Kings 242 Kings 24:4 →