2 Kings 24:8
Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l' te rele Neouchta. Se te pitit fi Elnatan, moun lavil Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Li fè sa ki mal devan Seyè a tankou papa l'.
Cross References
1 Chronicles 3:16Jojakim te papa Jekonya ak Sedesyas.
Jeremiah 22:24Men sa Seyè a voye di Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a: -Mwen fè sèman sou vi mwen, menm si ou te bag letanp ki nan men dwat mwen an, m'ap rache ou nan dwèt mwen.
Jeremiah 24:1Seyè a fè m' wè de panyen plen fig frans kòtakòt devan gwo kay Seyè a. Lè sa a, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te gen tan depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf peyi Jida yo, bòs atizan yo ak tout moun ki gen metye yo. Li te mennen yo tout ale lavil Babilòn.
Matthew 1:11Jozyas te papa Jekonyas ak lòt frè l' yo. Se lè sa a yo te depòte moun pèp Izrayèl yo, yo mennen yo ale lavil Babilòn.