2 Kings 25:15
Chèf lagad la pran kivèt yo, recho yo ak dènye bagay ki te fèt an lò ak an ajan:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 7:13Men sa li te ofri: yon bòl an ajan ki peze twa liv enka, yon plat an ajan ki peze yon liv twaka, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan. Ni bòl la ni plat la te plen farin frans melanje ak lwil ki te sèvi pou ofrann grenn jaden yo.
1 Kings 7:48Salomon te fè fè tout mèb yo te bezwen pou Tanp lan an lò: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye a,
2 Chronicles 24:14Lè yo fini ak travay reparasyon an, yo pote rès lò ak rès ajan an renmèt wa a ak Jeojada ki sèvi avèk yo pou fè bagay pou Tanp Seyè a, tankou bòl ak veso yo bezwen lè y'ap fè sèvis, lè y'ap boule bèt yo touye pou Bondye ak tout kalite veso an lò ak an ajan. Pandan tout tan Jeojada te la a, yo pa te sispann boule bèt nèt nan dife nan Tanp Seyè a jan pou yo fè l' la.
Ezra 1:11Antou, sa te fè senkmilkatsan (05.400) divès kalite bagay an lò ak an ajan. Se tout bagay sa yo Chechbaza te pran ak li lè li t'ap kite lavil Babilòn ansanm ak lòt moun yo te depòte yo, pou tounen lavil Jerizalèm.