2 Kings 25:27
Premye lanne wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakin, wa Jida a, li fè l' soti nan prizon. Lè sa a, Jojakin te gen trannsizan, onz mwa vennsèt jou, jou pou jou, depi yo te depòte l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 40:20Sou twa jou vre, farawon an t'ap fè yon gwo resepsyon pou tout chèf ki t'ap sèvi avè l' yo, paske se te jou fèt li. Li fè rele chèf kanbiz la ak chèf boulanje a devan tout lòt chèf yo.
2 Kings 24:15Nèbikadneza fè Jojakin prizonye ansanm ak manman l', madanm li yo, chèf nan gouvènman l' yo ak tout grannèg peyi Jida yo. Li depòte yo, li pran yo lavil Jerizalèm li mennen yo peyi Babilòn.
Jeremiah 22:26Mwen pral voye ni ou menm, ni manman ou ki fè ou la, nan peyi etranje. Nou pral nan yon peyi kote nou pa t' fèt. Se la ni ou menm ni li menm pral mouri.
Jeremiah 52:31Premye lanne wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakim, wa peyi Jida a, li fè l' soti nan prizon. Lè sa a, Jojakim te gen trannsizan onz mwa, vennsenk jou, jou pou jou, depi yo te depòte l'.