2 Kings 25:3
Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Yo sènen l' nèt. Yo fèmen lavil la depi lè sa a rive sou onzyèm lanne reny Sedesyas la.
Cross References
Deuteronomy 28:52Y'a atake nou. Y'a sènen tout lavil nou yo, jouk y'a fin kraze gwo miray byen wo ki te sèvi nou ranpa, miray nou te kwè ki ta ka toujou pwoteje nou yo. Wi, y'a fèmen nou, y'a sènen tout lavil nou yo, toupatou nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te fè nou kado a.
Jeremiah 19:9Lè lènmi yo, moun ki soti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt.
Jeremiah 38:2-Men mesaj Seyè a bay: tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri. Sa ki pa mouri nan lagè pral mouri grangou, osinon move maladi ap pote yo ale. Men, tout moun ki va soti al rann tèt yo bay moun Babilòn yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.
Jeremiah 52:6Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò.
Ezekiel 4:9Bon, koulye a ou pral pran ble, lòj, gwo pwa, ti pwa, pitimi ak ble mòn, w'a mete yo ansanm nan yon sèl veso. W'a fè pen ak yo. Pandan tout twasankatrevendi (0390) jou w'ap pase kouche sou bò gòch ou a, se sa ase w'a manje.
Ezekiel 5:10Se poutèt sa, nan lavil Jerizalèm papa ak manman va manje pwòp pitit yo, pitit va manje papa ak manman yo. M'ap pini nou, m'ap gaye rès moun ki va rete yo toupatou.