2 Kings 25:4
Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo mete deyò kite lavil la nan mitan lannwit. Yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen fon Jouden an pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:36Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.
Deuteronomy 32:24Y'a mouri grangou. Lafyèb va fini ak yo. Move maladi va minen yo. M'a voye bèt nan bwa atake yo. M'a voye sèpan ak pwazon venen pou touye yo.
2 Kings 25:5Men, lame moun Babilòn yo pousib wa Sedesyas. Lè yo rive nan plenn bò lavil Jeriko yo, yo mete men sou li. Lè sa a, tout sòlda li yo gaye, yo kouri kite l'.
Isaiah 22:3Tout chèf lame nou yo vole gadjè. Anvan menm yo te voye yon flèch, yo te gen tan fè yo tout prizonye. Tout moun ki t'ap kouri met deyò yo, yo fè yo tout prizonye tou.
Jeremiah 39:2Sou nevyèm jou nan katriyèm mwa, onzyèm lanne rèy Sedesyas la, lènmi yo fè yon twou nan miray ranpa a.
Ezekiel 12:4Gwo lajounen w'a fè pakèt ou pati, pou yo ka wè ou. Lèfini, kite yo wè ou aswè ap soti tankou moun y'ap depòte yo.