2 Kings 25:7
Antan yo lavil Ribla, li fè yo koupe kou tout pitit wa Sedesyas yo devan wa a, papa yo. Lèfini, li fè yo pete tou de je wa Sedesyas, epi yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv. Yo mennen l' lavil Babilòn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 21:16li ale, li chita pi devan, yon bon ti distans, li di nan kè l' -Mwen pa ka rete ap gade pitit mwen an ap mouri konsa. Pandan li chita konsa, pitit la pran rele.
Deuteronomy 28:34Lè n'a wè tout bagay sa yo rive nou, n'a pèdi tèt nou!
2 Chronicles 33:11Lè sa a, Seyè a voye chèf lame wa peyi Lasiri a vin atake yo. Yo mete men sou Manase, yo pase kwòk nan machwè li, yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv, yo mennen l' lavil Babilòn.
Psalms 107:10Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn,
Isaiah 22:3Tout chèf lame nou yo vole gadjè. Anvan menm yo te voye yon flèch, yo te gen tan fè yo tout prizonye. Tout moun ki t'ap kouri met deyò yo, yo fè yo tout prizonye tou.
Jeremiah 22:30Nonm sa a kondannen pou l' pèdi tout pitit li yo, pou l' pa janm wè zafè l' mache. P'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou rive chita sou fotèy wa David la, ki pou rive chèf nan peyi Jida a ankò.