2 Kings 3:12
Jozafa di: —Sèten l'ap gen kichòy pou l' di nou nan non Seyè a! Se konsa wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa ak wa peyi Edon an pati, y' al wè Elize.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 2:14Li frape dlo a ak rad ki te soti sou zepòl Eli a, epi li di byen fò: —Kote Seyè a, Bondye Eli a? Li frape dlo a yon dezyèm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bò. Elize janbe lòt bò larivyè a.
2 Kings 2:24Elize vire, li gade ti gason yo, li ba yo madichon nan non Seyè a. Lamenm, de lous soti nan rakbwa a, yo dechire karannde nan ti gason yo.
2 Kings 5:15Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Li kanpe devan l', li di l' konsa: —Koulye a, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a.
Isaiah 60:14Pitit moun ki t'ap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese. Tout moun ki t'ap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou. Y'a rele nou lavil Seyè a, Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.