2 Kings 3:17
Paske, men sa li di ankò: Nou p'ap wè van, nou p'ap wè lapli, men ravin sa a pral plen dlo. Konsa n'a jwenn kont dlo pou nou bwè ansanm ak bèf, kabrit nou yo ak bèt chay nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Elize di: —Men sa Seyè a di: Fouye anpil gwo twou nan fon ravin sa a.
18Men tou sa pa anyen bò kote sa Seyè a ka fè. Li pral lage moun peyi Moab yo nan men nou.
Cross References
Numbers 20:8-Pran baton ki sou devan Bwat Kontra a. Lèfini, ou menm ak Arawon, frè ou la, sanble tout pèp la. Epi devan yo tout, w'a pale ak wòch ki bò laba a, wòch la va bay dlo. Se konsa w'a fè dlo soti nan wòch la pou pèp la, pou yo tout ka bwè ansanm ak bèt yo.
Psalms 84:6(084:7) Lè y'ap pase nan mitan Fon Sèk la, yo fè l' tounen yon kote ki plen sous dlo. Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl.
Isaiah 41:17Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn, lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo, mwen menm, Seyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m' lan. Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo.
Isaiah 48:21Lè li t'ap mennen yo nan dezè a, yo pa t' swaf dlo. Li fè sous dlo pete nan wòch pou yo. Li fann wòch la, dlo koule soti.