2 Kings 3:27
Lè sa a, wa peyi Moab la pran premye pitit gason l' lan, sa ki te pou pran plas li sou fotèy la, li ofri l' bay bondye peyi Moab la, li touye l' sou tèt miray lavil la. Lè moun Izrayèl yo wè sa, yo pè pou malè pa rive yo. Yo rale kò yo dèyè, yo tounen nan peyi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:13Abraram voye je l', li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. li ale, li pran mouton an, li touye l', li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a.
Judges 11:31m'ap ofri ou premye moun ki va soti lakay mwen vin kontre m' lè m'a tounen soti kraze moun Amon yo. M'ap boule l' nèt nan dife pou ou.
1 Samuel 14:36Sayil di moun yo: -Ann desann dèyè moun Filisti yo. Ann pase nwit lan ap bat yo, n'a piye yo jouk bajou kase, n'a touye yo tout. Yo reponn li: -Fè sa ou wè ki bon! Men, prèt la di: -Ann gade sa Seyè a di nou sou sa!
1 Kings 20:28Yon pwofèt Bondye vin jwenn Akab, wa Izrayèl la, li di l' konsa: -Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske moun Siri yo di se yon bondye mòn mwen ye, mwen pa konn tè plat, mwen pral lage tout gwo lame sa a nan men ou. Konsa w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Psalms 106:37Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo.
Amos 2:1Seyè a di konsa: Moun lavil Moab yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pa respekte zosman wa Edon an. Yo boule yo fè yo tounen sann.