2 Kings 3:4
Mesa, wa peyi Moab la, te fè gadinaj mouton. Se konsa li te pran angajman pou li te bay wa peyi Izrayèl la sanmil (0100.000) ti mouton ak sanmil (0100.000) belye ak tout lenn yo sou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Men, lè Akab, wa peyi Izrayèl la, mouri, wa peyi Moab la revòlte kont otorite wa peyi Izrayèl la.
Cross References
Genesis 26:13Msye te vin rich. Li t'ap fè lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil.
2 Samuel 8:6Apre sa, David mete kèk ganizon sòlda pa l' nan teritwa Damas la. Moun peyi Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye l' taks chak lè. Se konsa, Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.
2 Chronicles 26:10Li bati gwo fò tou won nan dezè a, li fouye gwo basen pou kenbe dlo paske li te gen anpil mouton ni nan plenn lan ni sou platon yo. Li te gen moun ap travay pou li nan jaden li yo, ak moun pou okipe jaden rezen l' yo nan mòn, paske li te renmen travay latè.
Job 42:12Apre sa, Seyè a te beni Jòb plis pase jan li te fè l' anvan an. Jòb te vin genyen katòzmil (014.000) mouton, simil (06.000) chamo, demil (02.000) tèt bèf ak mil (01000) manman bourik.
Psalms 108:9(0108:10) Men, m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran l' ak kè kontan.