2 Kings 3:7
Epi li pati, li voye di Jozafa, wa peyi Jida a: —Wa peyi Moab la revòlte kont otorite mwen. Ou pa ta vle vin avè m' pou nou atake moun Moab yo? Jozafa reponn: —Men wi! Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!
Bib La
In The King James Version
In Context
6Lamenm, wa Joram kite lavil Samari, li sanble tout lame pèp Izrayèl la.
8Ki wout n'ap pran pou n' al atake? Joram reponn li: —N'ap pran chemen ki pase nan dezè Edon an.
Cross References
1 Kings 22:4Lèfini li mande Jozafa: -Eske w'ap vin avè m' pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la? Jozafa reponn li: -Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a: se yonn lan nou ye.
2 Chronicles 18:3Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa, wa peyi Jida a: -Eske w'ap vin avè m' pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la? Jozafa reponn li: -Mwen menm ak tout sòlda mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!
2 Chronicles 19:2Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Seyè a? Se poutèt sa, Seyè a fache sou ou anpil.
2 Chronicles 22:3Okozyas tou te mache pye pou pye dèyè moun fanmi Akab yo, paske manman l' t'ap ba li move konsèy.