2 Kings 4:16
Elize di li: —Nan ennan, vè lè konsa, w'a kenbe yon pitit gason nan bra ou. Madanm lan di: —Non, mèt. Tanpri, se sèvitè Bondye ou ye, pa ban m' manti.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Elize di: —Rele l' pou mwen! Gerazi rele madanm lan. Madanm lan vini, li kanpe nan papòt la.
17Men, madanm lan vin ansent jan Elize te di l' la. Se konsa ennan apre, li fè yon pitit gason.
Cross References
Genesis 17:16M'ap beni madanm ou, m'ap fè l' ba ou yon pitit gason. M'ap beni l', m'ap fè l' tounen manman moun anpil nasyon. Anpil nan pitit pitit li yo va wa.
Genesis 18:10Yonn nan vizitè yo di l'. Mwen gen pou m' tounen isit la, lè konsa lanne k'ap vini an. Lè sa a, Sara, madanm ou, ap gen tan gen yon pitit gason. Sara menm te kanpe nan papòt la dèyè Abraram, li t'ap koute.
Genesis 18:14Bon. Eske gen kichòy ki twòp la a pou Mèt la fè? Sou dat mwen fikse a, m'a tounen pase wè ou ankò. Lè sa a, Sara va gen yon pitit gason.
1 Kings 17:24Madanm lan reponn: -Koulye a mwen wè se yon sèvite Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.
2 Kings 2:19Moun lavil Jeriko yo vin di Elize: —Mèt, lavil la bati nan yon bon pozisyon, jan ou ka wè l' la. Men, dlo a pa bon, li fè tè a pa bay anyen.
2 Kings 5:10Men Elize voye yon mesaje di l': —Ale lave kò ou sèt fwa nan larivyè Jouden an, maladi po a va disparèt sou kò ou. W'a geri.