2 Kings 4:31
Gerazi te gen tan pran devan. Li mete baton Elize a sou figi ti gason an. Men, ti gason an pa briding kò l'. Gerazi tounen al jwenn Elize, li di l': —Ti gason an pa leve.
Bib La
In The King James Version
In Context
32Lè Elize rive, li moute pou kont li nan chanm lan. Li wè ti gason an mouri kouche sou kabann lan.
Cross References
1 Samuel 14:37Sayil mande Seyè a: -Eske se pou m' desann dèyè moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men pèp Izrayèl la? Men Seyè a pa reponn li jou sa a.
1 Kings 18:26Pwofèt Baal yo pran towo yo ba yo a, yo pare l'. Lèfini, yo pran rele Baal depi nan maten rive vè midi. Yo t'ap di: -Baal o! Reponn nou non! Yo t'ap danse fè wonn lotèl yo te moute a. Pa yon vwa, pa yon repons.
Job 14:12Men, kote yon moun mouri kouche a, pa gen leve pou li ankò. Poul va fè dan anvan y'a leve vivan ankò, anvan y'a leve soti nan dòmi yo a.
Daniel 12:2Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an.
Mark 5:39Li antre nan kay la, li di yo konsa: -Men pouki tout bri sa a? Pouki tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi.
John 11:11Lè Jezi fin di yo sa, li di ankò: Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li.