2 Kings 4:35
Elize leve, li fè yon ti mache nan chanm lan. Lèfini, l' al kouche menm jan an sou ti gason an ankò. Ti gason an estènen sèt fwa, epi li louvri je l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 18:43Li di domestik li a: -Al gade bò lanmè a. Domestik la ale, li gade. Li tounen, li di: -M' pa wè anyen! Pandan sèt fwa Eli di li al gade.
2 Kings 5:14Naaman ale, li plonje sèt fwa nan larivyè Jouden an, jan pwofèt la te di l' la. Po kò l' tounen tankou po timoun. Li te geri nèt.
2 Kings 8:5Gerazi t'ap rakonte wa a kijan Elize te fè pitit gason yon fanm leve soti vivan nan lanmò lè madanm lan vin pale ak wa a pou kay li ak jaden l' yo. Gerazi di wa a: —Monwa, men madanm lan ansanm ak pitit gason Elize te fè leve soti vivan nan lanmò a.
Luke 7:14Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l' yo ret kanpe. Li di: Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve.
John 11:43Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò!