2 Kings 4:38
Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l' konsa: —Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
37Madanm lan tonbe ajenou nan pye Elize, li bese tèt li jouk atè. Lèfini, li pran pitit li, l' ale.
Cross References
Leviticus 26:26M'ap koupe viv nou. Yon sèl fou ap kont pou dis fanm pare pen pou tout fanmi yo. Y'a kontwole sa y'ap bay chak moun. Lè n'a fin manje, se atò n'a grangou.
Deuteronomy 28:38N'a plante anpil grenn nan jaden nou, men n'a rekòlte yon ti kras, paske krikèt va manje pifò.
1 Samuel 19:20Sayil voye kèk moun al arete l'. Lè yo rive, yo wè yon gwoup pwofèt ki te gen lespri Bondye a nan tèt yo, avèk Samyèl kanpe devan yo tankou chèf yo. Lamenm lespri Bondye a desann nan tèt moun Sayil te voye yo, epi yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo.
1 Kings 17:1Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa: -Nan non Seyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.
2 Kings 2:3Men, yon gwoup pwofèt ki te rive lavil Betèl vin kontre Elize, yo di l' konsa: —Ou pa konnen Seyè a pral pran mèt ou a jòdi a? Elize reponn yo: —Mwen konn sa wi. Men nou menm, nou pa bezwen di anyen ankò!
2 Kings 8:1Elize te pale ak madanm ki te manman ti gason li te fè tounen vivan sot nan lanmò a, li te di l' pou li pati ansanm ak tout fanmi l' al viv nan yon lòt peyi paske Seyè a te fè konnen talè konsa yon gwo grangou tapral tonbe sou tout peyi a pou sètan.