The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 4 › 2 Kings 4:42

2 Kings 4:42

Yon lòt fwa ankò, yon nonm soti lavil Baal Chalicha, li pote yon sak pwovizyon fè Elize kado. Nan sak la te gen ven pen li te fè ak premye grenn lòj li te rekolte pou lanne a ansanm ak yon pakèt grap lòj li te fèk koupe. Elize di domestik li a pou li sèvi yo bay pwofèt yo manje.

Bib La

In The King James Version

And there came a man from Baal-shalisha, and brought the man of God bread of the firstfruits, twenty loaves of barley, and full ears of corn in the husk thereof. And he said, Give unto the people, that they may eat.

In Context

41Men Elize di: —Pote ti gout farin frans pou mwen. Li mete farin lan nan bouyon an. Epi li di: —Bay mesye yo manje. Mesye yo manje. Pa t'gen pwazon ankò nan manje a.

43Men domestik la di l': —Ki jan pou m' rive bay san moun manje ak ti pwovizyon sa a? Elize reponn li: —Ba yo l' pou yo manje, paske Seyè a di y'ap manje kont yo, y'ap kite rès.

Read all of 2 Kings 4

Cross References

Exodus 23:16Apre sa, n'a fete fèt Premye Rekòt la lè nou fèk konmanse rekòlte grenn nou simen nan jaden nou yo. N'a fete fèt Dènye Rekòt la menm vè fen lanne a, lè n'ap fin rekòlte tou sa ki nan jaden nou yo.

Numbers 18:13Tout premye fwi ki mi nan peyi a, fwi yo ofri bay Seyè a, se va pou ou tou. Tout moun lakay ou ki nan kondisyon pou sèvi Seyè a va gen dwa manje ladan yo.

Deuteronomy 12:6Se la n'a pote ofrann pou boule nèt nan dife pou Seyè a ak lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo ak kado nou yo, ofrann nou te pwomèt bay Bondye, ofrann nou leve konsa nou vle fè pou Bondye, premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit nou yo ak premye pitit mouton nou yo.

Deuteronomy 32:14Bèf yo ak mouton yo ap bay lèt an kantite. Y'a manje vyann mouton gra, vyann belye Bazan ak vyann bouk kabrit. Y'a manje pi bon kalite farin frans, y'a bwè ji rezen pou diven.

1 Samuel 9:7Sayil di domestik la: -Dakò! Nou pral jwenn li. Men, kisa pou nou pote ba li? Nou pa gen pen ankò nan ralfò nou. Nou pa gen anyen pou n' fè sèvitè Bondye a kado.

2 Kings 4:38Apre sa, Elize tounen lavil Gilgal. Lè sa a, yon sèl grangou te tonbe sou tout peyi a. Yon jou, yon gwoup pwofèt te chita ap pale ak Elize. Elize rele domestik li a, li di l' konsa: —Mete gwo mamit la sou dife. Pare yon bouyon pou pwofèt yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 4:42

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 4:412 Kings 42 Kings 4:43 →