2 Kings 4:8
Yon jou, Elize t'ap pase lavil Chounèm kote te gen yon madanm ki te gen bon ti mwayen. Madanm lan fann dèyè l' pou li vin manje avè l'. Depi lè sa a, chak fwa Elize pase lavil Chounèm, se lakay madanm sa a l' al manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 19:3Men Lòt te fòse yo sitèlman, y' al lakay li avè l'. Lòt pare yon bon manje pou yo, li fè pen san ledven. Epi yo manje.
Judges 19:20Lè sa a granmoun lan di: -Pòt kay mwen louvri pou nou! Se mwen menm k'ap ba ou tou sa ou bezwen. Sèlman pa rete pase nwit lan la sou plas la.
2 Samuel 19:32Bazilayi te yon vye granmoun, li te gen katrevenzan. Li te rich anpil. Se li menm ki te bay wa a tout pwovizyon li te bezwen lè wa a te lavil Manayim.
2 Kings 4:11Yon jou, Elize te vin lavil Chounèm, li moute nan chanm li, li kouche.
Job 1:3Li te gen sètmil (07.000) mouton, twamil (03.000) chamo, mil (01.000) tèt bèf, senksan (0500) fenmèl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sèvi avè l'. Nonm sa a, se li ki te pi grannèg nan peyi bò solèy leve a.
Proverbs 7:21Se konsa, fanm lan fin pran tèt ti jennonm lan. Ak bèl pawòl dous li yo, li fè l' asepte.