2 Kings 5:1
Naaman, kòmandan lame wa peyi Siri a, te yon nonm wa a te renmen anpil. Li te ba li anpil favè paske se gremesi Naaman Seyè a te fè peyi Siri a genyen nan tout batay li yo. Se te yon vanyan sòlda, men li trape yon move maladi po.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 13:2-Si yon moun wè yon kote sou po kò l' anfle, ou ankò si li wè yon bouton osinon yon tach parèt sou po l' ki ta vle sanble konmansman yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun, y'a mennen l' bay Arawon, prèt la, ou ankò bay yonn nan pitit li yo ki prèt tou.
Numbers 12:10Nwaj la leve anwo tant lan, l' ale. Menm lè a, yon sèl maladi tonbe sou Miryam: tout po kò l' vin blanch kou koton. Arawon gade Miryam, li wè Miryam te kouvri ak bouton sou tout po li.
2 Samuel 3:29Se pou chatiman an tonbe sou tèt Joab ak tout fanmi li! Se pou toujou gen nan fanmi li moun k'ap gen ekoulman osinon move maladi po, gason k'ap blije fè travay fanm, gason k'ap mouri nan lagè, gason k'ap nan grangou.
2 Kings 5:27Se poutèt sa, maladi Naaman an pral tonbe sou ou, sou pitit ak pitit pitit ou yo pou tout tan. Lè Gerazi soti, li te gen maladi po a. Po kò l' te blan kou koton.
2 Chronicles 26:19Ozyas te kanpe ak lansanswa a nan men l' pou l' te ofri lansan an. Li move sou prèt yo. Lamenm, nan mitan Tanp Seyè a, toupre lansan an, devan tout prèt yo, yon move maladi po parèt sou fwon li.
Esther 10:3Madoche, nonm jwif la, te sèl chèf apre wa Asyeris. Tout jwif parèy li yo te respekte l', yo te renmen l' anpil. Li te travay anpil pou byen pèp la, li te vle pou tout moun nan ras jwif la viv ak kè poze.