2 Kings 5:10
Men Elize voye yon mesaje di l': —Ale lave kò ou sèt fwa nan larivyè Jouden an, maladi po a va disparèt sou kò ou. W'a geri.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Se konsa Naaman ale ak cha li a ansanm ak chwal li yo. Li rete devan pòt kay Elize a.
Cross References
Exodus 4:18Moyiz kite kote l' te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li: -Tanpri, kite m' ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou. Jetwo di Moyiz: -Ale ak kè poze.
Leviticus 14:7Apre sa, l'a voye san an sèt fwa sou moun ki te gen move maladi po a epi l'a di moun lan nan kondisyon ankò pou fè sèvis Bondye. L'a lage zwazo vivan an pou l' vole al fè wout li nan bwa.
Leviticus 14:51Apre sa, l'a pran bwa sèd la, ti branch izòp la, moso twal kamwazi a ansanm ak lòt zwazo ki vivan an, l'a plonje yo nan san premye zwazo a ki melanje ak dlo fre a. Apre sa, l'a voye san an sèt fwa sou kay la.
Leviticus 16:19Lèfini, avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa sou lotèl la. Se konsa, poutèt moun nan pèp Izrayèl la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, l'a fè sèvis pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, l'a mete l' apa pou Bondye.
Numbers 19:19Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, nonm ki nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a va voye dlo a sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Sou setyèm jou a, l'a fè sèvis pou mande Bondye gras pou nonm lan. Apre sa, nonm lan va lave rad ki sou l' a, l'a benyen nan gwo dlo. Men, se lè solèy va fin kouche la nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye.
Joshua 6:13Sèt prèt yo avèk sèt kòn belye yo t'ap mache devan Bwat Kontra a. Yo t'ap kònen. Pòsyon lame ki pou devan an t'ap mache devan yo, pòsyon lame ki pou mache dèyè a t'ap mache dèyè Bwat Kontra a: yo t'ap kònen tout tan yo t'ap mache a.