2 Kings 5:12
Lèfini, èske dlo larivyè Abana ak larivyè Fafa nan peyi Damas yo pa pi bon pase nenpòt dlo larivyè nan peyi Izrayèl yo? Mwen ta ka benyen ladan yo tou, mwen ta geri. Li vire do l' ale byen move.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 3:15Se te sezon rekòt, rivyè a t'ap desann, li te gonfle moute sou tout rivaj la. Lè prèt ki t'ap pote Bwat Kontra a rive bò larivyè Jouden an, yo mete pye yo nan dlo a.
2 Kings 2:14Li frape dlo a ak rad ki te soti sou zepòl Eli a, epi li di byen fò: —Kote Seyè a, Bondye Eli a? Li frape dlo a yon dezyèm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bò. Elize janbe lòt bò larivyè a.
Proverbs 14:17Lè yon moun gen san wo, l'ap toujou fè betiz. Men, moun ki kalkile anvan ap toujou rete kè pòpòz.
Song of Solomon 4:8Ann al avè m' non! Ann desann mòn Liban an, fiyanse mwen! Ann desann mòn Liban an! N'ap rete sou tèt mòn Amana, sou mòn Seyi ak sou mòn Emon kote lyon ak leyopa rete, n'ap gade plenn lan anba.
Zechariah 13:1Lè sa a, yon sous dlo va pete pou lave moun fanmi David yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou wete peche yo, pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye ankò. Se Seyè a menm ki di sa.
Mark 1:9Menm epòk sa a, Jezi te soti Nazarèt, yon bouk nan peyi Galile. Lè sa a, Jan te batize l' nan larivyè Jouden an.